Barbiebella (Martine Barbara Alexandre)
Chantèz ayisyèn — Magicgirls · « Ayibobo » (2025)
Martine Barbara Alexandre, ke tout moun konnen sou non Barbiebella, fèt 19 me 1991 nan Pòtoprens. Karyè l kòmanse nan legliz, pase pa gwoup Magicgirls, epi jodi a l ap sèvi Bondye, lavi a ak Ginen — ak videyo « Ayibobo » (oktòb 2025) ak yon nouvo pwojè k ap vini.
Timoun ak etid
- 19 me 1991 — Li fèt nan Pòtoprens, nan yon fanmi kretyèn.
- Papa l pran l nan men manman l ; grann li leve l pou yon titan nan Beladè — grann li ak granpapa l te ougan manbo.
- Lè l bon pou lekòl, papa l pran l tounen Pòtoprens ; li fè tout etid li Pòtoprens.
- Apre 12 janvye (tranbleman tè 2010), li ale Pòdpè bò manman l, li ale lekòl la, apre li tounen Pòtoprens epi li fè filo.
- Kounye a — Li nan 3zyèm ane Syans Juridik nan École de Droit des Gonaïves.
Karyè
- Apre 12 janvye — Li fòme gwoup Magicgirls ak Tracy ; karyè l kòmanse anndan legliz.
- 2015 — Magicgirls kanpe.
- 2016 — Yo tounen ; apre sa yo antre Etazini.
- Ozetazini, apre kèk mwa li antre nan legliz ; apre yon maladi li te genyen, legliz pa t vre opsyon an — li tounen epi li vin atache ak kilti l.
- Oktòb 2025 — Li soti videyo « Ayibobo ».
- Kounye a — L ap travay sou yon nouvo pwojè k ap vini ; « nou la pou nou fè travay Bondye, lavi a ak Ginen an ».
Mizik
Ayibobo (2025)